Akò depòtasyon peyi Lafrans ak peyi Dayiti

Anpil Ayisyen kap viv Lafrans, Gwadloup, Giyan pral depòte an Ayiti
jeudi 4 juin 2009

Migran lòt bò dlo (Mom se ti non jwèt li an) se yon kolektif 13 asosyasyon fransèz ki mare tèt yo pou defann dwa migran etranje yo kap viv Gwadloup, Giyan, Màtinik, Sen Màten ak lòt ti zilè Lafrans yo. Mom vle fè sitwayen ayisyen ak òganizasyon ayisyèn ki ap travay sou kesyon sa yo konnen peyi Lafrans ap negosye yon Pak ak peyi Dayiti sou kesyon migrasyon. Pak sila rele « Akò re-admisyon » ki vle di « Akò depòtasyon ». Akò sa a pral otorize administrasyon fransèz la voye Ayisien ki pa gen viza oswa kàt residan ale toune ann Ayiti plop plop san jijman.


Akò depòtasyon peyi Lafrans ak peyi Dayiti

Documents joints

PDF - 271.1 kio